Dorenavan, konkibinaj ak fè bagay avan maryaj se yon krim nan peyi Indonesie 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
dorenavan, konkibinaj ak fè bagay avan maryaj se yon krim nan peyi indonesie 

Madi 6 desanm nan, nan kad yon refòm penal, otorite yo nan peyi Indonesie adopte yon tèks lalwa ki penalize konkibinaj ak relasyon seksyèl avan maryaj. 

Si nan kèk peyi ak kèk kilti se yon bagay nòmal pou yon koup fè bagay e menm rive viv ansanm avan maryaj, nan peyi Indonesie se yon krim, aprè palman peyi sa finn adopte yon tèks lwa ki trete sou koze a, jounen madi 6 desanm nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Refòm penal sa defansè dwa zimen yo denonse kòm kwa li redwi nan libète sivil yo, fèt nan lide konsève valè peyi Mizilman sa, epi koupe fache ak kòd penal yo a ki te la depi lè Neyèlandè yo te kolonize peyi a.  

« Nou fè sa nou kapab pou nou rive pran an konsiderasyon kesyon enpòtan yo, ak diferan opinyon ki te debat yo, men li lè li tan pou nou pran yon desizyon istorik sou amandman kòd penal la, epi kite dèyè nou kòd penal kolonyal sa nou erite a, aprè peyi a fin pran endepandans li nan lane 1949, » se deklarasyon minis jistis Indonesie a, Yasonna Laoly. 

Majorite depite yo apwouve refòm sa ki gen pou kòmanse aplike nan 3 lane, aprè prezidan finn siyen l. Daprè nouvo lwa sa, moun k ap fè bagay avan maryaj yo ap pase yon lane nan prizon, sila ki nan konkibinaj yo ap pase 6 mwa nan prizon. Men mezi sa pap aplikab pou touris, daprè otorite jidisyè yo. 

Menm avan lwa sa, Nan Aceh, yon pwovens ki konsèvatè anpil nan peyi Indonesie, yo konn bat an piblik, koup yo ki gen relasyon seksyèl avan maryaj. 2 moun yo ap pran 17 kout baton yo chak pou sa, 10 kout baton pou yon mank afektif an piblik. 

Nouvo règ sa yo ap genyen yon enpak negatif sou kominote masi madi yo nan peyi sa, kote maryaj moun menm sèks yo pa otorize. Refòm penal sa kondane a 4 lane prizon tou, tout moun k ap pwone yon ideyoloji nan peyi a ki pa Pancasila, ideyoloji ofisyèl peyi Indonesie. Palmantè yo apwouve yon refòm sou pèn lanmò a tou, kote kondane a ap gen yon peryod probasyon k ap dire 10 lane. L ap ka pase de estati kondane a prizonye a vi, si li konpòte li byen pandan 10 lane sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.