Dosye Jovenel Moïse : James Solages prezante nan kabinè enstriksyon

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Foto : The Haitian Time

James Solages, youn nan prezime asasen ansyen prezidan Jovenel Moïse yo, prezante jounen lendi 12 septanm 2022 an devan majistra enstriktè Walther Wesser Voltaire ki gen responsablite mennen enstriksyon dosye sa. 

Majistra enstriktè Walther Wesser Voltaire tande pandan jounen lendi 12 septanm 2022 a, James Solages ki se youn nan moun ki ta enplike nan touye prezidan Repiblik la Jovenel Moïse lakay li, nan Pèlerin 5, nan lannwit 6 pou rantre 7 jiyè 2021 an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè yon odisyon ki te rate nan dat 6 septanm pase an akoz avoka enkilpe a ki pa t reponn prezan, majistra Voltaire finalman tande jounen lendi a James Solages ki te pami kòmanndo ki te rantre lakay ansyen prezidan an epi asasinen l 7 jiyè 2021 an. 

An prezans Mèt Sylvaince Presner ki di li satisfè de dewoulman odisyon an, James Solages reponn kesyon majistra Walther Wesser Voltaire ki se senkyèm jij enstriksyon ki gen responsablite fè enstriksyon dosye sa nan espas yon lane depi asasina sa. 

Enkilpe a, ki se yon sitwayen ameriken ki gen orijin li Ayiti, te deja prezante nan kabinè enstriksyon, devan majistra Gary Orélien, nan dat 7 octobre 2021, twa mwa aprè arestasyon l nan kad dosye sa, 8 jiyè 2021, nan demen asasina ansyen Chèf Leta a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.