Dosye lanmò Kenia Civil : Komisè Okay la fèmen lopital La Place la epi mete manda dèyè doktè Neptune ak madanm li

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
dosye lanmò kenia civil komisè okay la fèmen lopital la place la epi mete manda dèyè doktè neptune ak madanm li

Komisè Okay la Ronald Richemond fèmen lopital La Place jodi jedi premye jen 2023 a epi mete manda pou mennen devan pakè, Doktè Tony Neptune ansanm ak madanm li Daphné Jean Louis, 2 nan responsab lopital La Place la, paske yo ta boude envitasyon pakè a ta fè yo nan kad dosye lanmò Kenia Civil lan .

Aprè plizyè nan manm fanmi epi zanmi defen etidyan 4èm lane syans enfimyè a Kenia Civil, te fin pran lari a jodi jedi premye jen 2023 a, pou egzije lajistis pran dosye a oserye epi bay viktim lan jistis. Komisè Ronald Richemond ansanm ak yon jij depè te debake nan lopital la pou fè egzekite lalwa. Komisè a fè fèmen lopital la epi entèdi 2 nan responsab ki nan tèt enstitisyon sa pou yo kite peyi a .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan deklarasyon l yo, komisè a fè konnen 2 moun sa yo, Doktè Tony Neptune ansanm ak madanm li Daphné Jean Louis, jwenn konvokasyon pakè Okay la pou reponn kesyon lajistis, malerezman yo pa mete pye, « yo pa bay pyès vèsyon ak lajistis olye de sa, yo prefere pale nan radyo » . Pandan li kontinye pou l di, menm videyo siveyans responsab yo refize pataje ak lajistis pou fasilite konklizyon dosye a aloske yo di yo genyen videyo sila yo .

Nan sans sa a, komisè an lanse 2 manda pou mennen devan pakè Doktè Tony Neptune ansanm ak madanm li Daphné Jean Louis, pou vin reponn kesyon kòmsadwa sou dram lan. « Depi w ap mawon pou lajistis, ou koupab » se sa a komisè a te deklare nan mikwo laprès, jodi jedi premye jen 2023 a devan lopital La Place la.

N ap raple, Nan yon nòt lopital La Place te rann piblik nan dat 28 me ki pase a, li te demanti tout enfòmasyon ki ta vle fè kwè lopital la responsab lanmò jèn pasyan madi ki te 23 me 2023 a. Daprè nòt sa a ki pibliye a, kesyon paran demwazèl la te manke lajan epi lopital la pa t deside ba l swen an, se yon manti. Alòske, paran ak zanmi defen an kontinye kenbe menm diskou yo, epi pa sispann repete se lopital la ki lakòz lanmò Kenia Civil, paske yo te manke 4000 goud sou kòb lopital la te egzije yo a.

Komisè Ronald Richemond fè konnen, lopital la pa an fonksyon jiskaske responsab yo mete yo ak dispozisyon lajistis, swa yo lave tèt yo, swa yo asime akizasyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.