Ede yon moun ki fè kriz mande anpil bon sans

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ede yon moun ki fè kriz mande anpil bon sans

Gen malèz ki rive yon moun san li pat atann li e san li pat menn swete sa. Tombe nan mitan moun se yon bagay ki jenan anpil. Moun ki pa konprann sa ki rive a kapab menn pè ede yon moun ki nan yon difikilte parèy. Gen moun ki di se malkadi, yon kout nann, bagay ki gen pou wè ak mistik pendan yo inyore yon pakèt reyalite, gen bagay si yo te konnen yo, li t ap fasil pou ede moun ki fè kriz la. 

Yon moun ki sot tombe, kap pouse gwo kri pendan tout rad sou li ap sal san li pa menn rann li kont aprè dòmi ka pral, se yon kriz moun nan fè, nan yon ka konsa li enpotan anpil pou moun ki antoure li yo pa pete kouri oubyen rete ap asiste men pote soutyen ak moun sa se pi reyaksyon moman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa ki ka lakòz yon moun fè  kriz ?

Pafwa se yon pwoblèm sante ki gen rapò ak sistèm nève moun nan : malkadi, pwoblèm  nan sèvo a, tèt fèmal, gwo doulè nan tèt, yon timè elatriye. Sa ka rive nan san moun nan, kalsyòm li bese, yon pwoblèm nan rèn li yo, yon kantite kleren li pat dwe bwè oubyen yon medikaman li pat sipoze pran.

Kijan w ka ede yon moun ki fè yon kriz? 

  • Li enpòtan pou moun ki vle e de a rete kalm

  • Retire sijè a nan espas kote li ka jwenn bagay ki ka blese l

  • Mete kousen bò kote l, epi vire l sou bò tanzantan

  • Moun nan dwe respire byen fasil

  • Panche tèt li deyè epi kenbe babim li

  • Si kò li cho anpil vide ti dlo sou li tanzantan

Bagay ou pa dwe fè lè yon moun tombe kriz 

  • Pa eseye ouvri bouch nan, ni eseye mete anyen andedan bouch li

  • Si moun nan pa nan yon espas kote li nan danje pa leve l

  • Pa eseye kontwole mouvman moun nan ap fè yo

Depi kriz la ta depase plis pase 5 minit, li tap enpotan anpil pou yo rele yon abilans vinn pran moun nan. Yon moun ki ta remake yon moun nan yon pwoblèm konsa pa dwè pran  sa pou yon jwèt paske se vi moun nan ki nan danje, ede yon moun nan yon sitiyasyon difisil se montre mounite nou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive