Lionel Messi ranpòte pou yon dezyèm fwa pri FIFA The Best lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lionel messi ranpòte pou yon dezyèm fwa pri fifa the best lan

Entènasyonal ajanten an ki te gran favori pou ranpòte pri FIFA The Best 2022 an aprè viktwa li nan mondyal Kata a, rekonpanse jodi lendi an nan gran Gala Federasyon entènasyonal foutbòl, la kote l ranpòte twofe sa pou yon dezyèm fwa.

Lionel Messi ki te nan konpetisyon ak Balon dò 2022 an, Karim Benzema, epi finalis dènye edisyon Koup Dimond lan, Kylian Mbappé, genyen pri FIFA The Best lan jodi lendi an pou yon dezyèm fwa nan karyè l aprè premye l te pran nan lane 2019 lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pulga a ki te mennen seleksyon ajantin lan nan final dènye edisyon mondyal lan kote l ta pral ofri Albiceleste an twazyèm tit chanpyon dimond yo, rekonpanse jodi 27 fevriye an kòm meyè jwè ane 2022 an.

Kapitèn ajanten an fini nan tèt klasman an aprè vòt yo, devan ekipye l nan Paris Saint-Germain, Kylian Mbappé, epi chanpyon dènye Lig dè Chanpyon an, Karim Benzema, ki genyen egalman tit Balon dò an jiskaprezan.

« Mwen vle remèsye ekipye m yo, antrenè Lionel Scaloni. San yo, jamè mpa t ap ka sou sèn lan aswè a. Se te yon ane eksepsyonèl. Mw reyalize rèv sa mwen t ap kouri dèyè depi lontan an », yon pati nan diskou Chanpyon Dimond ajanten an pandan l t ap resevwa pri sa.

Lionel Messi ki te fini meyè jwè epi dezyèm pi bon bitè nan dènye mondyal lan avèk Ajantin, ranpòte pou yon dezyèm fwa pri FIFA The Best lan, 4 lane aprè l te premye genyen twofe sa pandan l t ap jwe sou koulè FC Barcelone.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.