Ayiti -Aktyalite :Soti mwa mas 2018 pou rive mwa oktòb 2020, yo kase palè jistis plis pase 20 fwa selon RNDDH

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Se pa jodia yap kase palè jistis pou pran kèk eleman enpòtan nan kad yon dosye. Daprè sa dirijan òganizasyon kap defann dwa moun nan RNDDH fè konnen nan yon kominike, soti mwa mas lane 2018 pou rive mwa oktòb lane 2020 yo kase pakè a plis ke 20 fwa pou pran pyès koviksyon ak kò deli yo. Òganizasyon kap defann dwa moun nan fè plizyè rekòmandasyon pou konbat pwoblèm sila.

Daprè responsab pwogram RNDDH la Marie Rosy Auguste Ducenat, se 23 zak vòl ak tantativ vòl pyès konviksyon ki fèt nan palè jistis ki fèt soti 2018 pou rive 2020. Responsab la ale pi lwen pou di 74 % zak vòl yo, se manm yo ki fè zak yo oubyen sou konplisite yo. Aksyon sa yo ap pase anba je 24 ajan sekirite ke 20 ajan PNH la te ale ranfòse.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo pa janm jwenn tras moun ki fè aksyon yo, toujou selon deklarasyon madam Ducénat kenbe kòm prèv, pou li lonje dwèt sou manm pèsonèl administratif yo. Pou defansè dwa moun nan, aksyon sa yo, se rezilta absans yon politik pou sekirize pyès enpòtan nan dosye lajistis.

RNDDH kontinye pou li di nan kominike sila, absans pyès sa yo mare pye lajistis. Jij yo vin pa ka pran yon desizyon ki chita kò l sou prèv ak lalwa.

Carl Henry Florant

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article