USAID bay $32 Milyon pou asiste repons tranblemandetè-a nan peyi d Ayiti

Netalkole Media
ParNetalkole Media

Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal – U.S. Agency for International Development (USAID), anonse yon èd imanitè 32 milyon dola pou peyi d Ayiti pandan ajans lan kontinye ap dirije repons gouvènman ameriken an aprè tranblemandetè magnitid 7.2 ki te frape peyi a jou ki te 14 dawout la.  

Credit photos : Twitter @usaid_haiti

Anons finansman sa-a pral sipòte patnè k’ap travay nan èd imanitè yo pou yo ka pote èd ke moun yo bezwen an ijans, tankou sèvis swen sante, abri ijans ak manje, bonjan dlo pwòp pou bwè, asistans nan kesyon ijyèn ak sanitè, ansanm ak sèvis pwoteksyon tankou prevansyon ak repons sou kesyon vyolans k’ap fèt sou fanm ak gason,  pwoteksyon timoun ak sèvis sipè sikolojik ak sosyal nan zòn ki te afekte anpil nan rejyon Sidwès peyi d Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Finansman sa-a vin sipòte efò Ekip Entèvansyon USAID nan kesyon Asistans Dezas (USAID Disaster Assistance Response Team), kontinye fè sou teren pou idantifye bezwen pi enpòtan yo, kowòdone efò repons gouvènman ameriken an epi bay asistans apati livrezon manje ak materyèl sekou ki te deja nan depo ak apati lòt pwogram USAID ki deja ekziste men ki chanje pou ede dizèn milye moun an Ayiti depi aprè tranblemandetè-a te pase.

Etazini rete angaje pou sipòte repons gouvènman ayisyen an aprè dezas ki te devastè rejyon an epi li kontinye ap travay nan ijans pou pote èd pou pèp ayisyen an nan moman yo gen bezwen.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.