Endividi abiye ak inifòm Lapolis touye yon prezime bandi ayè madi 6 jen 2023 a, nan yon lokalite nan zòn Meyòt, yon distri ki twouve l nan komin Petyonvil.
Prezime bandi an mouri aprè plizyè moun ak inifòm Lapolis sou yo te lokalize l nan yon katye nan Meyòt. Zak sa te lakoz yon vag panik nan zòn lan paske abitan yo pa t anmezi pou konnen si reyèlman, lotè zak sila yo ta polisye.
Tout rezidan yo ki t ap swiv dram lan epi k ap viv chak jou anba presyon gwoup gang « Kraze Baryè » yo, bandi Vitelhomme Innocent ap dirije a, te oblije fèmen pòt lakay yo akoz yo te pè.
Redaksyon an pa anmezi pou konfime idantite prezime a ki pèdi lavi l la. Toutfwa, imaj kadav la te pran sikile sou rezo sosyal yo kèk tan aprè dram lan.
Facebook Comments