Yon jèn etidyan touye tèt li apre mennaj li ta fin mande l kite

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon jèn etidyan touye tèt li aprè mennaj li ta fin mande l kite

Ayè madi 6 jen 2023 a, rezo sosyal yo ta pral pran tranble ak yon enfòmasyon swisid. Danaïca Duplan, yon jounalis epi yon jèn etidyan, deside mete fen ak lavi l aprè yon separasyon ak mennaj li. Danaïca ki se yon jèn etidyan 4èm ane nan Lekòl dwa ak ekonomi nan vil Gonayiv, ekri yon lèt bay fanmi l anvan menm li te deside touye tèt li.

Daprè enfòmasyon fanmi defen an bay, Danaïca swiside tèt li andedan lakay li, nan zòn Taba, depi lendi 5 jen 2023 a. Li te yon etidyan 4èm ane nan Lekol Dwa ak Ekonomi Gonayiv la. Li te konn kontribye aktivman tou nan zafè bay san nan estrikti “RENAGSANG ak KONBIT SAN POU SAN” pou sove lavi moun.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si n ta kwè fanmi li, li te pasyone sou lavi, yon aktivis nan rechèch pou byennèt chak jou. Malerezman, li pa t kapab reziste fas separasyon li ak yon mennaj li l te renmen anpil, daprè sa nou te ka li nan lèt ki viral sou rezo sosyal yo.

Nan lèt sa k ap sikile a, anvan Danaïca touye tèt li, li ekri li pa regrèt aksyon an. Li eksplike se separasyon li menm ak mennaj li, san site non l, men li te renmen anpil, ki pouse l wete souf li, pandan li swete l jwenn yon moun ki renmen l pou kontinye viv li menm.

“Manman, Papa, Fofo, gran frè m yo, m dezole. M dezole pou sa, se pa t sa m te janm swete, men aprè sa ki fin rive yo, m p ap ka kontinye gade nou nan je”, li kòmanse konsa.

“Moun mwen te di m ap vin prezante nou an deside mete fen nan relasyon m ak li. Rezon yo petèt p ap janm konnen yo, men m vle nou konnen, m te viv anpil bèl moman ak li, e m te renmen l anpil tou”, sa li rapouswiv pou l di.

Demwazèl la ekri tou: ” M pa gen kouraj rakonte nou sa m fè nan relasyon an ki rann mwen pa onèt. M ap sèlman di nou, li te konn trete m byen e rann mwen ere”, pandan li fini pou l di viv san li nan mond sa a ap benefik pou tout moun.

N ap raple, sa gen yon semèn depi li te anonse lakay li l ap gen pou prezante paran l mennaj li. Domaj, kadav jèn fi a ap repoze nan yon mòg nan kapital la.

Li enpòtan pou nou atire atansyon lektè nou yo sou ka swisid yo ki souvan repete nan peyi a depi plizyè lane. Kidonk, si w ap travèse nenpòt sitiyasyon ki depase ou, li pi bon pou w kontakte pwofesyonèl sante mantal yo olye w apresye oubyen oryante w nan yon pratik konsa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.