Endividi mal entansyone itilize idantite DG lapolis la pou poze move zak 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
endividi movèz fwa itilize idantite dg lapolis la pou poze move zak

Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (DGPNH), atravè yon nòt pou laprès li pibliye nan kòmansman semèn nan, enfòme nimewo 1 enstitisyon an Frantz Elbé viktim yon anak sou rezo sosyal yo tankou Facebook, Twitter ak Instagram. 

“Plizyè endividi ki fè tèt yo pase pou Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a Frantz Elbé, sou rezo sosyal yo tankou, (Facebook, Twitter, Instagram) ap poze move zak sou non l sou sitwayen ki onèt”, se sa nou te ka li nan nòt pou laprès sila ki pibliye nan dat lendi 26 desanm 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

PNH la lanse yon gwo apèl vijilans ak tout moun kont magouy an liy sila k ap chèche nwi imaj ak repitasyon Misye Frantz Elbé.  

Pi lwen enstitisyon polisyè a enfòme deja gen yon ankèt ki louvri nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) nan lide pou idantifye epi apreyande tout moun ki enplike nan zak sila a. 

N ap souliyen, Direktè Jeneral lapolis la Frantz Elbé pa premye moun ki viktim anba pratik movèz fwa sila. Pandan dènye jou sa yo, pirate kont moun sou rezo sosyal yo oubyen kreye fo kont ak idantite yo se yon pratik ki kouran anpil. Pi souvan kriminèl yo souvan poze zak sila nan lide pou mande moun kòb ak fè yo menas, elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.