Pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo an Ayiti an ap rapouswiv 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo an ayiti an ap rapouswiv

Nan kad pwojè sa ki mete sou pye gras ak finansman peyi Taywann, genyen 40 fanm an Ayiti ki benefisye yon fòmasyon nan enfòmatik ki vize konplete yon seri lòt fòmasyon yo te resevwa deja nan kad pwogram sa. 

Pou twazyèm faz pwojè relans ekonomik ak otonomizasyon fanm yo an Ayiti an, genyen fòmasyon adisyonèl sa sou aplikasyon konpetans nimerik yo Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm òganize kote 40 fanm sòti benefisyè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kad fòmasyon sa, medam sa yo aprann divès konesans nan enfòmatik, prensipalman nosyon bazik yo tankou itilizasyon lojisyèl word ak lòt ankò pou karant fanm ki te deja patisipe nan de faz avan yo. 

Nan fen fòmasyon sa, menm jan ak de faz avan yo, medam sa yo ki te resevwa fòmasyon sa ki dewoule nan Sant fòmasyon pwofesyonèl ki gen nan Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm resevwa yon sètifika. 

Nan seremoni pou remèt atestasyon sa yo, Anbasadè Taywann lan, Wen-Jiann KU, ak Minis kondisyon fanm lan Sofia Loreus te prezan kote yo tou de, nan diskou yo an, ankouraje benefisyè yo e pwomèt yo bon jan amelyorasyon nan konpetans yo epi ranfòse fòmasyon pwofesyonèl fanm yo an Ayiti. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.