Endividi malentansyone sakaje lokal Inivèsite Episkopal Ayiti a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
endividi malentansyone sakaje lokal inivèsite episkopal ayiti a

Endividi yo pa rive idantifye antre nan lokal Inivèsite Episkopal Ayiti (UNEPH) epi sakaje tout sa ki gen nan espas la. Zak sila komèt nan jou ki te madi 06 jen 2023 a.

Si n kwè Radyo Tele Galaxie, nan yon mesaj li poste sou Twitter, plizyè mèb ki anndan espas la, moun leve jwenn yo kraze. Toutfwa pa genyen twòp detay ki bay sou ensidan an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pa bò kote pa l, jiskaprezan, UNEPH pa sòti okenn nòt pou denonse zak sila. Sekretè jeneral enstitisyon an jis denonse sa, daprè sa menm sous la rapòte.

Inivèsite Episkopal Ayiti ki anba lobedyans Legliz Episkopal (EEH), anonse ouvèti yon ankèt nan lide pou idantifye otè zak sila yo.

N ap raple, Legliz Episkopal enplike nan yon eskandal trafik zam ak bal depi 2021. Jskaprezan, dosye a devan lajistis e lis moun ki enplike yo ap ogmante, san konte plizyè moun ki deja jwenn arestasyon yo nan kad zafè sila. Èske atak sila kont Inivèsite Episkopal la ta gen rapò ak menm dosye a ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.