Repiblik Dominikèn deja mobilize kont kolera sou fwontyè li an ak Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn deja mobilize kont kolera sou fwontyè li an ak ayiti

Otorite sanitè yo nan repiblik vwazen anonse pa gen okenn ka kolera ki resanse sou fwontyè ayisyen-dominiken an, pi patikilyèman nan Dajabón. Aprè plizyè alèt te bay sou sa, ministè dominiken Sante Piblik la fè konnen jiskaprezan tout bagay anfòm.

Reprezantan ministè a nan rejyon Dajabón, Francisco García Espinal, detaye mezi prevansyon kont maladi enfektye sila ranfòse. Li espesifye lopital rejyon an gen ekipman pou mòd ijans sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mezi sila yo pran akoz plizyè ka kolera te rapòte nan zòn Wanament, an Ayiti.

Nan mezi prevantif yo, doktè a evoke vaksinasyon kont kolera pou tout pèsonèl lopital pwovens lan, ansanm ak sòlda lame ak kò espesyalize pou sekirite fwontyè yo (Cesfront).

Genyen tou pèsonèl ki la pou mete jèl dezenfektan sou Ayisyen ak moun k ap travèse Ayiti, sitou pou aktivite echanj komèsyal yo nan mache tradisyonèl 2 nasyon yo ki fonksyone lendi ak vandredi chak semèn.

N ap rapòte, ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) te deklare, atravè yon nòt pou laprès, evolisyon kolera a an Ayiti, nan kominote Wanament, tou prè pwen fwontyè pwovens Dajabón lan. Divès enfòmasyon ki soti pa bò kote Òganizasyon Panamerikèn Sante (OPS) ak otorite sanitè yo pa bò isit an Ayiti.

Toutfwa, otorite sante piblik yo fè konnen ka pozitif kolera yo nan zòn sa pa depase nivo yo espere a epi li kenbe yon konpòtman epidemyolojik ki estab pandan plizyè semèn.

_Atik rapèl – Depi Oktòb 2022, kolera deja tiye prèske 800 moun an Ayiti_

Kantite moun ki viktim anba maladi kolera pase ak pou pi piti 743, aprè otorite yo revele genyen 6 lòt moun ki mouri akòz maladi a. Otorite sanitè yo kontinye bay gwo alèt sou sitiyasyon an ki vin pi enkyetan chak jou pi plis.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP), sou 743 moun ki mouri yo depi lè kolera parèt tèt li ankò a, genyen 504 ki mouri sou kabann lopital alòske rès 329 la rann dènye souf yo san yo pa resevwa swen sante.

Pou kounya e totalman, peyi d Ayiti anrejistre 47 mil 105 ka sispèk ki lye ak maladi sila, 3 mil 24 ka konfime ak 42 mil 466 pasyan ki sou kabann lopital, ladan l 138 nouvo ka, daprè MSPP. Yon bilan ki san lè ogmante pandan semèn sa.

54,24% pasyan yo se gason, 45,76% se fanm, yo gen yon laj mwayèn 17 lane, li presize.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raplew epidemi kolera pran yon lòt faz sitou nan yon kontèks kote popilasyon an ap fè fas avèk plizyè kriz pami yo imanitè ak sanitè, san konte ensekirite a ki foure kò l nan tout bagay. Alòske peyi d Ayiti antre nan sezon siklòn, poko genyen reyèl dispozisyon ki pran pa bò kote otorite yo pou evite dega fèt. Dejaw depi kòmanse move a jounen jodia se pou pi piti 51 moun ki mouri.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.