Ensekirite a fè plis viktim depi kòmansman ane a, kontrèman ak menm peryòd la ane pase

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ensekirite a fè plis viktim depi kòmansman ane a, kontrèman ak menm peryòd la ane pase

Pou premye trimès 2023 a, to kriminalite a nan peyi d Ayiti ogmante daprè Nasyonzini ki di li anrejistre plis pase 1 600 ensidan ki koute lavi moun kont 692 nan menm peryòd la ane pase.

Chif sila yo Nasyonzini ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) konpile revele sòti janvye rive mas 2022 pa t gen tout moun sa yo ki viktim anba vyolans gang yo sou teritwa a, kontrèman ak jounen jodia.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Akoz batay gang ak gang nan kèk zòn oubyen batay ant gang ak lapolis, lis viktim yo pou premye trimès lane 2023 a bay gwo kè sote, alòske jiskaprezan fòs lòd yo genyen anpil difikilte pou mete yon fren nan zak vyolans gang yo ap komèt sou popilasyon an.

Wi, plizyè ka vyòl, vòl, asasina ak kidnapin te resanse nan kapital la Pòtoprens ak nan kèk kwen pwovens yo rive jiska fen mwa avril. Bandi yo t ap pral fè yon ralanti sou zak yo akoz mouvman popilè Bwa Kale ki gen nan lari a. E depi lè sa, tout bandi yo antre nan tou prèske.

Alòske mwa me a pa lwen pou l al fè wout li, ensekirite a toujou la anba anba, patikilyèman nan antre nò kapital la ak antre sid la kote se prèske yon sèl gang k ap dirije yo “5 Segond”. Malgre entèvansyon lapolis ap fè jiskaprezan pou derasinen gang sa, l ap reziste ak aso yo, e l menm rive boule 3 veyikil enpòtan pou PNH la, 2 machin blende ak yon traktè, epi touye yon polisye UDMO 22èm pwomosyon ki se Roberto Charleston.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.