Luis Inácio Lula da Silva, prezidan peyi Brezil la, pale de Ayiti pandan somè G7 la ki te fèt Hiroshima, nan peyi Japon, semèn ki sot pase a. Responsab la fè konnen genyen yon nesesite pou kominote entènasyonal la aji byen rapid pou ralanti soufrans pèp la.
Nan yon diskou l te li dimanch 21 me pase a pandan sesyon travay G7 la ak lòt peyi ki te envite yo, prezidan Lula souliyen nesesite ki genyen pou dirijan peyi ki lib yo pote èd yo bay Ayiti rapidman sinon l ap sonbre.
« Flewo sa pèp ayisyen an ap konfwonte aktyèlman an se rezilta plizyè dizèn lane, se rezilta endiferans ki genyen kont vrè bezwen peyi a. Depi plizyè lane, Brezil ap di pwoblèm Ayiti se pa sèl ensekirite, men se pwoblèm devlopman », se sa premye sitwayen brezilyen an deklare. Li mande pou kominote entènasyonal la pran bezwen sa yo an konsiderasyon.
Aprè Kanada, n ap raple pou kounya se Brezil Etazini chwazi pou pran devan bann lan nan kriz aktyèl la pa bò isit an Ayiti. Anbasadè Thomas-Greebfield te menm rann li nan peyi Brezil nan kòmansman me a pou l te ka fè bagay yo bouje nan sans sa.
Diplomat la menm deklare, peyi Amerik di Sid la [Brezil] santi l konsène nan dosye Ayiti a e l angaje l pou jwenn yon pòt sekou ak kriz la.
Facebook Comments