Depatman Latibonit anba kontwòl lapolis

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
depatman latibonit anba kontwòl lapolis

Plizyè zòn nan depatman Latibonit kote gang te konn ap opere ak ransone machin ki te konn itilize vwa woutyè ki genyen la yo anba men fòs lòd yo pou kounya. Atravè ekip Kowòdinasyon près ak relasyon piblik li (CPRP), enstitisyon an di li ranfòse prezans li nan plizyè zòn nan Latibonit.

Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pibliye yon videyo sou rezo sosyal li yo, patikilyèman Facebook, pou montre pwogresyon l sou tèren an nan zòn sila ki genyen plizyè gang k ap opere ak komèt zak sou popilasyon an, tankou nan Dezam, Pon Sonde, Vèrèt, elatriye, kote anpil ka anlèvman anrejistre la yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa, PNH la anonse tou arestasyon 3 endividi ki fè pati gang Gran Grif, k ap opere nan depatman sila a.

Datilus Jean Gladson alyas Sache (18 lane), sòti Mowo, yon lokalite nan zòn Lyankou. Li te sèvi antèn pou gang sila. Genyen tou Édouard Eva (38 lane), ki fè pati menm gang nan.

Genyen Frito Aristil (29 lane) ki fè pati gang 57 Fòkè, alye gang Gran Grif, ki jwenn arestasyon l toupre komisarya Vèret la. PNH repwoche l divès enfraksyon tankou asasina, brakaj, vyòl ak detounman machandiz.

Daprè lapolis, li te menm rive touye yon moun nan peyi Chili. Polis entènasyonal (Interpol) ap chache li.

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.