Ensekirite a, yon gwo kou pou touris lokal la nan peyi d Ayiti

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
ensekirite a, yon gwo kou pou touris lokal la nan peyi d ayiti

Nou sou plizyè lane deja depi ensekirite a ap panpanen kò l sou tout teritwa a, kote gwoup ak zam k ap batay swa pou teritwa oubyen pou ideyoloji politik oubyen konplotis pa epanye pyès moun.

Si daprè plizyè rapò, kondisyon vi yo vin pi mal sitou depi aprè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 pase a sou pouvwa a, sa pa t anpeche peyi a te kòmanse pran bon jan souflèt avan sa e plizyè sektè te sibi lakòz sa, pami yo touris la.

Wi, peyi d Ayiti, ki chita kò l nan Karayib la, nan tan lontan te youn nan prensipal destinasyon touristik ki te genyen nan Amerik la pandan yon tan – Repiblik dominikèn rache l nan men l, epi malerezman repitasyon sila t ap pral kòmanse pèdi akòz twoub sosyopolitik ki lye ak plizyè mouvman pou denonse koripsyon ki genyen jiskaprezan nan pi wo ni Leta a, san konte lòt pwoblèm ki lye ak kowona.

Sou administrasyon Michel Joseph Martelly a, ak minis touris Stéphanie Balmir Villedrouin, zafè touris la te miyò an rezon etranje te konn antre vin vizite tout rakwen teritwa a, kèk lane aprè, temwanyaj sa yo sèlman bon pou listwa.

Wi, anplis etranje ki pè vin vizite peyi a pou bandi pa touye oubyen kidnape yo, vin twouve depi sou prezidan Jovenel Moïse rive sou Premye minis Ariel Henry, jounen jodia pwòp pitit teritwa paka al vizite lòt zòn (touristik) yo an rezon tout enfekte ak gang ak zam. Mete sou sa, plizyè peyi pami yo Lèzetazini, Kanada, Lafrans, pou n site sa yo sèlman, klase peyi nan kategori wouj, kidonk pyès resòtisan yo pa dwe pile la. Sa w pran se pa w !

Touris lokal la mouri frèt kou mab, e resisite li pa pou jounen jodia. Sit touristik yo abandone, pa gen mentnans ki fèt la yo, mize yo pa atire moun, se kèk kote sèlman ki atire touris, patikilyèman nan Nò (Labadee) aprè sa, se kase fèy kouvri sa.

Luz Kurta Cassandra François, ki se minis Touris la pa bò isit nan peyi d Ayiti, pa janm fè yon reyèl entèvansyon sou enpak ensekirite a genyen sou sektè a, men konsekans yo vizib sou lòt sektè tankou atizanal, otelye ak transpò, pou n site sa yo sèlman.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.