Plizyè viktim deja resanse nan Site Solèy

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
plizyè viktim deja resanse nan site solèy

Depi semèn pase afwontman ant gwoup ame yo deklanche – yon lòt fwa ankò – nan komin Site Solèy, kote depi plizyè lane yon batay pou teritwa lakòz plizyè santèn mò, blese ak plizyè milye deplase.

Plizyè moun deja mouri nan pi gwo bidonvil peyi a ak Karayib la, se sa nou aprann. Keseswa nan echanj kout zam oubyen akòz bal mawon, lis viktim yo deja ap vanse ti pa ti pa, e pèsòn pa konnen pou kilè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ant inosan ak bandi, pèsonn pa epanye anba men kan advès la. Gen moun (bandi) yo menm rive pran tou vivan epi ale touye yo zòn “Dèyè mi” nan menm komin nan. An rezon kout zam k ap chante, depi omwen jedi 20 avril la, plizyè abitan katye defavorize sila oblije mare pakèt yo pou al dòmi lòt kote: kenpòt ki kote!

Wi, lè kout zam demare ant bandi G9 yo ki sou lòd Jimmy Cherizier alyas Babekyou ak pa Ti Gabriel yo ki nan G-Pèp, sila ki pi vilnerab yo blije sove kite lakay yo pa mezi sekirite, lè konsa y al refijye yo lwen zòn konfli a nan kèk zòn tankou Sou Wout Ayopò, Delma, Taba, elatriye, men se majoritèman nan espas piblik yo ak nan kèk etablisman eskolè.

Alòske yo gentan ap fè fas ak lòt pwoblèm imanitè ak sanitè, fanm kou gason, granmoun kou timoun ki sòti nan katye sila yo tounen otaj yon gè ki te re-eklate depi 8 jiyè 2022, ant 2 gang rival nou sot site la yo. Yon rapò Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) te menm pale de prèske 300 mò, san konte sila ki blese ak disparèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article