Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, enstale jedi premye desanm, senk kad nan plizyè Direksyon ak enstitisyon dekonsantre Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.
An prezans plizyè gwo responsab nan Ministè edikasyon nasyonal, Jacques Ronald Jean, Ansy Bois Gelin, Maxo Pierre-Louis, Jean Misguaire Fanor ak Bertony Cadet enstale kòm responsab nan plizyè Direksyon ak ògan dekonsantre MENFP.
Jacques Ronald Jean pran pòs Direktè Sant fòmasyon pou lekòl fondamantal (CFEF); Ansy Bois Gelin kòm direktè adjwen; Maxo Pierre-Louis, kwòdonatè EFACAP; Jean Misguaire Fanor enstale kòm Direktè Sant fòmasyon kad edikasyon (CFCE) ak Bertony Cadet ki pran tèt Direksyon jeni eskolè an.
Yon seremoni ki dewoule an prezans Direktè jeneral ministè a, Meniol Jeune, kwòdonatè jeneral pòl ansèyman ak kalite a, Joseph Job Maurice, Direktè resous imèn, Faubert Michel, ak plizyè lòt direktè teknik Ministè a.
Facebook Comments