Jwè ki reyisi plis drib nan mondyal la jiskaprezan, pa ni Messi ni Mbappé 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
jwè ki reyisi plis drib nan mondyal, pa ni messi ni mbappé 

2 jwe PSG yo, se 2 jwe anpil moun konnen pou kalite teknik yo. Lionel Messi ak Kylian Mbappé poko fè plis drib pase senegalè a,Iliman Ndiaye nan mondyal kap déroule nan peyi Qatar. Se jwè ekip Sheffield la ki reyisi plis drib nan konpetisyon aprè premye tou a.  

Iliman Ndiaye pa titilè nan ekip Senegal la men sa pa anpeche l gen yon pi bon  estatistik nan sa ki gen pou wè ak drib, li pi bon pase Messi ak Mbappé nan konpetisyon an. Li reyisi plis pase de gran kwè sa yo nan drib li tante yo, sa ki bay li yon pousantaj 75 %.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Angel Di Maria, youn nan star ekip Abiseleste a, plase nan do atakan Lyon Teranga yo ak 60 % drib li reyisi pendan lap jwe tounwa.  Musiala se yon lòt jwe ki te montre talan l nan premye tou a ak kalite teknik li, jwè Bayern Munich lan reyisi 46% nan drib li tante yo, se li ki nan twazyèm plas la, malerezman Almay elimine, li pap ka amelyore estatistik li pou rès konpetisyon an.  

Dezyèm tou a lanse, jwè ki rete nan konpetisyon an pral ede ekip yo kalifye pendan y ap profite bay espektak ak kalite teknik yo sou teren an ak fas advèsè y ap gen pou yo jwe nan faz dechoukay la.   

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive