NETALKOLE

Enstalasyon yon nouvo Direktè Depatmantal nan Latibonit

Ekip kominikasyon Lapolis Naysonal d Ayiti a (PNH) nan yon nòt pibliye ayè 9 fevriye 2023 a, fè konnen Komisè Divizyon Goodson Jeune, enstale kòm nouvo direktè depatmantal PNH la nan Latibonit.
Komisè Divizyonè Goodson Jeune, ki enstale jedi 9 fevriye 2023 sa a nan fonksyon li  ranplase  nan pòs sa a, Direktè Depatmantal la (Latibonit) Komisè Divizyonè Bruce Jean Myrtil.
Pandan Seremoni enstalasyon an  ki tap fèt an prezans otorite politik ak jidisyè depatman an, Goodson Jeune pwomèt pou l akonpli misyon li ak onè pandan l ap respekte lwa ki tabli ak fonksyonman PNH la.  Li gen entansyon, pami lòt bagay, konbat ensekirite ki ap ravaje rejyon  an.
Goodson Jeune pwomèt l ap travay pou jwenn yon solisyon ak gwo enkyetid Latibonisyen k ap viv nan boulvès, sitou ak koze ensekirite a, pou Goodson Jeune, ki te deja travay nan sèvis sikilasyon nan depatman Wès ak Nip, deteryorasyon  klima sekirite a se yon gwo priyorite pou li.
N ap raple se responsab enspeksyon jeneral nan Gran Nò a, enspektè jeneral Moise Jean, ki te enstale ansyen chèf komisarya Sen Mak la, Goodson Jeune.
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075