Gouvènman dominiken an pran desizyon jounen mekrèdi 7 septanm 2022 a pou entèdi rantre sou teritwa l la minis afè etranje ayisyen an Claude Joseph avèk 12 chèf gang k ap opere nan peyi a.
Ansyen premye minis pou ti bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph pa otorize rantre nan peyi Repiblik Dominikèn. Daprè jounal dominiken Listin Diario, prezidan Luis Abinader ta bay lòd sa jounen mekrèdi 7 septanm lan.
Prezidan dominiken an Luis Abinader mande ak direktè jeneral imigrasyon an aplike yon dispozisyon legal nan lwa sou imigrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn ki vize entèdi rantre sou teritwa a tout moun ki se potansyèl menas pou sekirite enteryè peyi a.
Depi yon lane, anyen premye minis pou ti bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse la pa sispann denonse chèf Leta dominiken an nan entèvansyon piblik li yo. Doktè Claude Joseph akize Luis Abinader kòmkwa li pa sispann vann yon move imaj de Ayiti.
Chèf gang G9 an Fanmi ak alye a, Jimmy Chérizier alyas Babekyou, nan lis gwoup moun sa yo gouvènman dominiken an entèdi rantre sou teritwa l la.
Facebook Comments