Entèvansyon fòs miltinasyonal gouvènman an mande a ap tann toujou

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
entèvansyon fòs miltinasyonal gouvènman an mande a ap tann toujou

Malgre deteryorasyon klima sekirite a sou tout teritwa nasyonal la, entèvansyon fòs militè etranje gouvènman ayisyen an te mande komite entènasyonal la kontinye bloke nan enpas Nasyonzini.

Mèkredi 26 avril 2023, Konsèy sekirite Nasyonzini an te reyini yon lòt fwa ankò sou sitiyasyon Ayiti a k ap degrade chak jou pi plis avèk gwoup ame yo ki pa sispann ouvè kò yo nan divès kwen dis depatman peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre fèb mwayen fòs lòd yo pou fè fas ak gang yo, ijans ki genyen pou sitiyasyon sa rezoud pi vit posib, dosye Ayiti a kontinye ap fè deba nan Nasyonzini sou posiblite pou voye yon fòs miltinasyonal nan peyi a pou retabli lapè ak sekirite.

Menmjan ak reyinyon avan yo, dènye rankont peyi manm Konsèy sekirite Nasyonzini yo pa diferan kote opinyon yo toujou pa aliyen sou fason yo kapab ede Ayiti rapid pou sòti nan sitiyasyon li ye depi deja plizyè ane.

Toutfwa, prèske tout patisipan yo nan dènye reyinyon sou rapò Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres te sòti sou sitiyasyon Ayiti an rekonèt gen ijans pou aji, non sèlman pou ede pèp ayisyen an, men tou pou evite li touche tout rejyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.