Men kèk dega mizik vyolans yo kapab koze sou sante mantal ou

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
men kèk dega mizik vyolans yo kapab koze sou sante mantal ou

Dènye tan sa yo, 2 tandans mizikal sa yo tande anpil isit an Ayiti, anpil jenn atis entegre rejis sa yo san konnen tout detay sou yo, oubyen pou plezi. Yo rive fè chimen yo paske biznis lan pa vrèman gen anpil atis k ap fè fas kare ladan l. Deba yo anpil sou rezo sosyal yo sou fason mesye dam yo enpoze yo ak pawòl y ap itilize nan vès yo, kesyon ki toujou ap poze se  » Èske tandans sa yo pa ka rann yon moun vyolan ?

Si lyen ki genyen ant mizik ak pèsonalite sanble tankou vè ak dlo, pran prekosyon ak konklizyon yo dè fwa. Plizyè chèchè te gade nan lyen ki genyen ant agresif ak preferans mizik. Mete sou konklizyon yo ki souvan kreye gwo pale anpil

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan atik sa a, n ap aksantye nou sou 3 bagay sa yo

° ‘ Mizik ki sanble
°  » Rete atantif
°  »’ Pwa mo yo

° ‘ Mizik rock, rap (drill,trap) oswa tekno pa souvan jwenn bon prèch de yo. Anpil etid montre tandans sa yo fè jèn yo pi vyolan, kouran sa yo toujou ap kesyone nan medya yo oswa nan etid syantifik yo. Egzanp yo montre klèman depi mizik sa yo jwe, nèg ak zam yo manifeste feeling yo ak bal anlè.

Ann fè ti diferans tou piti ant Trap ak Drill

Trap la parèt nan lane 1990,nan sid peyi Etazini, yo kòmanse prete atansyon ak li nan lane 2000, yo chante Trap pou pale de trafik dwòg, vi nèg ak fanm ghetto, siksè nan zak ilegal elatriye. Alòske Drill la pa twò diferan de Trap la, li fè aparisyon l nan lane 2010, nan pati sid Chicago a ki rele « South Side, li pran nesans andedan rejis Hip-hop ak Gangsta Rap, yo te vini ak li nan lide pou pèmèt atis yo te kondane nan prizon pou move zafè yo kontinye rap, atis sa yo te konn pale de krim yo nan vès yo aprè tandans sa a te fin ofisyèl.

°  » Èske moun yo vyolan paske yo tande kalite mizik sa yo ? Èske yo renmen gwoup oubyen atis sa yo paske yo vyolan toutbon?

Anpil etid te pran tan pou kenbe sijè sa… yo te eseye demontre efè devastatè desibèl yo souvan genyen sou jèn yo. Nan mwa Dawout 2003, yon gwo etid Ameriken 1 te eseye jwenn korelasyon ant gou mizik ak pèsonalite yo. Se konsa, chèchè yo te egzamine pwofil plis pase 3,500 elèv ki tande mizik sa yo souvan nan lavi kotidyen yo, aprè yo konpare yo ak diskografi yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Premye rezilta yo montre : daprè otè yo, gou mizik moun yo ka gwoupe nan 4 kategori. Lè sa a, nou ka gen rapò sa yo ak diferan aspè nan pèsonalite a.

An rezime, sa bay: yon refleksyon pwofon, yon nouvo eksperyans, yon entèlijans, yon tandans politik liberal, yon karaktè rebèl, chanjman mantal, Kiryozite, fizikman aktif, Ekstwavèti, seduizan, politikman konsèvatif, Enèjik ritmik rap, otoritè elatriye

Rezilta etid sa a pa di nou si chwa dikte mizik yo, oswa si chwa mizik yo enfliyanse pèsonalite a vrèman. Poutan, otè yo te note 2 atitid ki kapab domine :  » Pandan kèk moun gen tandans chwazi mizik yo selon atitid yo ak aktivite yo, lòt moun, espesyalman adolesan yo, pito itilize mizik kòm yon « vitrin », yon mwayen pou refere yon imaj bay moun ki bò kote yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

°  »’ Si pwoblèm nan pa soti nan mizik lan, ebyen lojikman, se lyrics yo ki ta ka sous pwoblèm nan ! Paske daprè yon lòt etid Ameriken 2, tèks ki santre sou vyolans yo se blam. Yo ka mennen yon ogmantasyon nan santiman negatif yo, epi menm ankouraje yon konpòtman agresif.

Dapre chèchè yo, lyrics yo enfliyanse opinyon sosyete a nan tande yo. Se yon bagay ki sèten, etid la te fèt sèlman pou 500 moun, anplis jèn elèv yo. Sa a te enplike tès asosyasyon mo yo aprè yo fin koute mizik ki gen lyrics vyolan oswa ki pa vyolan yo (Drill, Trap, RNB, Klasik, elatriye). Aprè sa, yo remake rezilta yo pi agresif, lè yo fin koute lyrics ki patikilyèman ofansif yo. Chèchè yo menm rive note, tèks ki gen imè yo sanble ogmante agresyon! Men, ki te yon jan difisil pou tout sa yo konkli, sou efè yo alontèm, nan kategori mo vyolan yo.

Si mizik bon pou sante mantal, si li bon pou nou tande mizik anpil, fòk gen anpil pridans ak pawòl k ap penetre mantal la, souvan fwa, konpòtman oubyen pratik sinik yo soti nan sa ou tande souvan ak sa ou viv toutan. Nan sans sa a, mizik vyolans yo genyen gwo enpak sou karaktè moun, mantal moun, epi li enfliyanse langaj ou san ou menm ou pa rann ou kont, jiskaske li vin yon mòd nan lavi w.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.