Epidemi Kolera toujou la!

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
epidemi kolera toujou la!

Malerezman, kolera toujou prezan an Ayiti. Epidemi kolera a te kòmanse an 2010, li te afekte plizyè santèn milye moun epi touye plizyè milye lòt. Malgre kantite ka yo pa sispann diminye depi lè li te reparèt ane ki sot pase a, kolera toujou prezan an Ayiti, li kontinye gaye nan kèk rejyon nan peyi a.

Se ka depatman Nòdès la k ap fè eksperyans ak yon gwo ogmantasyon nan ka kolera yo. Vrèman vre, Direktè depatmantal sante nan depatman sa a, Jean Denis Pierre, fè konnen gen anviwon 330 nouvo ka kolera otorite sanitè yo idantifye depi janvye pou rive mwa me 2023 a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, fas ak ogmantasyon ka sa yo nan depatman Nòdès peyi a, otorite lasante yo lanse yon apèl pou respè prensip ijyèn yo kenbe, konsa popilasyon Nòdès la ap kapab fè fas ak epidemi sila a.

Li enpòtan pou nou raple, depi lè maladi kolera reparèt nan peyi a, espesyalman nan mwa Oktòb 2022 a, li
pote ale plizyè santèn moun nan plizyè vil nan peyi a, ladan yo pi gwo bidonvil peyi a, Site Solèy.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.