Pou yon dezyèm jounen youn aprè lòt, ouvriye SONAPI yo pran lari

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pou yon dezyèm jounen youn aprè lòt, ouvriye sonapi yo pran lari

Aprè jounen manifestasyon ayè lendi an, ouvriye pak endistriyèl SONAPI yo pran lari yon lòt fwa ankò jodi madi an pou egzije 2,500 goud kòm salè minimòm.

Pankat ak fèy bwa nan men, plizyè santèn ouvriye SONAPI pran lari a jodi 9 me an pou kontinye reklame 2,500 goud kòm salè pou yon jounen travay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manifestan yo ki te demare avèk mouvman sa depi byen bonè devan pak endistriyèl la, mache sou tout wout ayopò a avan yo ta pral pran direksyon Dèlma.

Inisyatè mouvman revandikasyon sa ki tanmen depi ayè lendi 8 me an, te anonse destinasyon yo pou dezyèm jounen manifestasyon sa se rezidans ofisyèl Premye minis lan ki nan Miso.

Lapolis ki t ap akonpanye manifestan yo depi devan pak endistriyèl la jiska wout Dèlma a, pa t pran tan pou lanse gaz lakrimojèn pou te kapab kraze mach sa ki te demare san kraze brize.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.