Erling Haaland deja enskri plis gòl pase 8 ekip nan Premier League la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
erling haaland deja enskri plis gòl pase 8 ekip nan premier league la

Atakan nòvejyen an ki pa sispann mete balon nan filè depi rive li nan ekip Manchester City a, enskri wikenn ki sot pase an 29èm ak 30èm gòl li nan Premier League la avèk double li an kont Southampton.

Erling Haaland ki se meyè bitè chanpyona anglè an sezon sa, deja enskri plis gòl pase 8 ekip nan Premier League la pami yo Chelsea ak Crystal Palace ki make sèlman 29 gòl aprè 30 jounen chanpyona.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gras ak de gòl sa yo, atakan nòvejyen an genyen pou kounya 30 gòl nan aktif li pou sèlman 27 match li jwe nan Premier League ak Manchester City ki sot kraze wikenn pase an Southampton (4-1).

Cyborg la ki se yon machin fè gòl depi kòmansman karyè foutbòl pwofesyonèl li an, pa lwen kraze rekò meyè bitè chanpyona anglè an sou yon sezon ki jiskaprezan nan men Mohamed Salah ki te enskri 32 gòl sou sezon 2017/18 lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.