Eske  Nivo Premier League la bese aprè 5 tit sou 6 Manchester City yo ?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
eske  nivo premier league la bese aprè 5 tit sou 6 manchester city yo

Depi rive Guardiola nan tèt ekip Manchester City a bagay yo chanje nan Premier League la. Sou 6 sezon, ansyen antrenè Barcelone lan pran 5 tit, sa ki pouse anpil analis foutbòl ap poze gwo kesyon sou chanpyona sa pou konnen èske se nivo a ki bese oubyen se ekip Guardiola ki two fò. Dominasyon Citizens yo fè lide Premier League la se chanpyona ki pi konpetitif nan mond lan tounen yon ilizyon. Senkyèm tit Sky Blues yo montre a klè chanpyona anglè a bese.

Depi dominsayon Manchester City nan Premier League la, anpil fanatik foutbòl kontinye ap ensiste epi mande èske chanpyona anglè a toujou rete chanpyona ki pi konpetitif nan mond la. Martin Tyler, yon jounalis Sky Sports deklare ak anpil iwoni :  » se youn nan pi gwo bagay Premier League la genyen, li pa yon chanpyona ak yon sèl ekip. »

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sa ki gen pou wè ak antre lajan, fè vini sipòtè yo nan estad yo, bay posibilite ak prèske tout planèt la pou gade match yo, Premier League la pa gen rival. Anplis de sa, yo gen anpil gran envestisè ki pa pè depanse lajan pou klèb yo, san bliye politik mete jwè anglè yo an valè an.

Men koze Manchester City ap domine chanpyona, fè bliye lide « Big Six » la paske nan denyè sezon sa yo sipòtè lòt ekip yo gentan konnen ki ekip k ap chanpyon. Yon fè enpotan pou Premier League la siveye, aprè Juventus te fin pran 9 tit nan Serie A youn deyè lòt, chanpyona te pèdi anpil kòb nan dwa televizyon. Aprè 3 sezon, kote se 3 ekip diferan ki chanpyon, Seria A kòmanse reprann sa l te pèdi yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive