Èske nou ta dwe atann ak yon mirak bò kote Wo konsèy tranzisyon an?

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Èske nou ta dwe atann ak yon mirak bò kote wo konsèy tranzisyon an

Reyalite a an Ayiti depi kèk tan sanble tèt koupe ak yon sigarèt ki limen nan de pwent. Yon sitiyasyon k ap vin pi grav chak jou pi plis, sitou aprè lanmò ansyen prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse. Akò sou akò, Doktè Ariel Henry ki pran pouvwa kòm Premye minis nan mwa dawout 2021, mete sou pye Wo konsèy tranzisyon an avèk pou misyon rekanpe enstitisyon Leta yo, fè eleksyon yo pou peyi a retounen sou chimen demokrasi.

Estrikti Wo konsèy tranzisyon an ki gen ladan l ansyen kandida pou pòs prezidan, Mirlande Hyppolite Manigat, Laurent Saint-Cyr epi Calixte Fleuridor ki se prezidan Federasyon pwotestan Ayiti, jwenn benediksyon Chèf gouvènman an ki ta pral nonmen yo epi enstale yo nan dat 6 fevriye ki sot pase a nan kad akò 21 desanm 2022 an. Fas ak misyon twa manm sa yo ki ta sipoze pèmèt peyi a leve 7 fevriye 2024 ak yon prezidan k ap sòti nan eleksyon ansanm ak tout lòt eli konstitisyon an rekonèt yo, èske nou ta dwe atann yon mirak bò kote Wo konsèy tranzisyon an ? Li enpòtan pou n gade konjonkti an nan peyi a epi ansanm reyalizasyon HTC an pandan twa mwa depi enstalasyon l lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi 6 fevriye ki sot pase a, gouvènman Ariel Henry an genyen Wo konsèy tranzisyon an k ap akonpanye l nan sa l vle fè pandan li nan tèt peyi a. Nan kad akò 21 desanm 2022 an, Premye minis lan te gen pou mete sou pye estrikti sa avèk pou prensipal misyon rekanpe enstitisyon Leta yo, pase men nan konstitisyon an, òganize eleksyon, pou n site sa yo sèlman. Twa mwa aprè, Wo konsèy tranzisyon an deja mete jij nan Lakou kasasyon, ap panse pou kounya ak nouvo Konsèy elektoral pwovizwa a, menmsi se yon seri demach ki pa respekte konstitisyon an.

Depi dezyèm lendi janvye ki sot pase a, Ayiti ap fonksyone san okenn eli aprè fen manda dènye tyè Sena a. Enstitisyon yo ki te deja ap bwate sou tout fòm, vin prèske pa egziste ditou jounen jodia, sa ki rann tach la pi difisil toujou pou sòti peyi a nan kalamite li ye la. Akote pwoblèm enstitisyon yo, sitiyasyon sekirite an k ap degrade chak jou pi plis, mete sou mizè an k ap ravaje fanmi yo, Wo konsèy tranzisyon an gen pou jwenn bon fòmil lan k ap sòti peyi an nan sa l ye an.

Nan sans sa, manm HCT yo, Mirlande Manigat, Laurent Saint-Cyr ak Calixte Fleuridor, anonse yon fowòm k ap demare jodi madi 23 me a pou rive demen mèkredi a kote yo pral chita ak divès gwoup nan sosyete a pou abòde kesyon ijan tankou sekirite, gouvènans, refòm konstriksyon ak elektoral, san konte lòt pwen tankou kriz ekonomik ak sosyal ki genyen nan peyi a depi kèk tan.

Si Wo konsèy tranzisyon an kontinye ap deplase pyon nan lide pou akonpli misyon Chèf gouvènman an ba yo an, genyen faktè tan an ki pa ta dwe neglije. Daprè akò 21 desanm lan, HCT an ta dwe pèmèt eleksyon yo òganize nan fen ane a pou bay peyi a yon prezidan, senatè ak depite epi majistra k ap sòti nan eleksyon sa yo epi pran fonksyon apati 7 fevriye 2024. Yon objektif ki lwen toujou pou ta akonpli.

Nan mikwo Majik 9, prezidan Wo konsèy tranzisyon an, Mirlande Manigat, te rekonèt reta yo genyen nan akonplisman divès tach Premye minis Ariel Henry konfye yo an. Pou responsab RDNP a, l ap difisil pou yo ta respekte dat 7 fevriye 2024 la pou pèmèt peyi a gen nouvo eli ki pran tèt li. Madan Manigat fè konnen se yon erè yo te fè nan elaborasyon akò 21 desanm 2022 an lè yo te fikse pou 7 fevriye dat eli yo dwe rantre an fonksyon an.

Si fokis la dènye tan sa yo plis rete sou ensekirite an k ap vale tèren sou prèske tout teritwa nasyonal la, avèk gwoup ame yo ki pa sispann enpoze lwa yo, li enpòtan tou pou n panse ak demen Ayiti ki gen nan tèt li yon gouvènman defakto k ap pran desizyon ki, san dout, ap gen konsekans sou avni peyi an san pyès moun pa konn pou konbyen tan ankò yo la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.