Eske PSG dwe kraze pwojè MNM nan pou l avanse?

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
eske psg dwe kraze pwojè mnm nan pou l avanse

Kontra Messi ki rive nan bout li, mete dirijan PSG yo nan gwo difikilte pou yo pran yon desizyon. Luis Campos dwe fè yon chwa espòtif ou medyatik ak 3 figi anblematik klèb la: Mbappé, Neymar ak Messi. Aprè 2 echèk nan Champions League la, desizyon yo parèt konplile pou direijan yo, ki te kwè se star sa yo ki te ka bay klèb la Champions League la. Yon kesyon ki ap vire sou twal la: eske PSG dwe abandone projè li ak Messi epi Neymar?

Aprè 2 eliminasyon nan pi gwo konpetisyon foutbòl ewopeyen an, PSG elimine nan 8tyèm final (fas Real Madrid epi Bayern). Kont pefòmans sa yo, ki mete dirijan PSG yo nan traka ak kontra Messi a yo dwe pwolonje, ak Neymar ki ap plede blese chak ane, ak Mbappé ki anvi klèb parizyen an, ki mande yon pi bon tretman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Eske PSG dwe kenbe Messi

Ajaten an ki te rejwen PSG nan lane 2021, pa rive ede klèb la konkretize rèv li, ki se pran Champions League la. Pou premye sezon an, Pulga te transparans, men nan 2zyèm sezon an, Messi te kòmanse ap souke kòl. Sepandan pou gran randevou nan Koup gwo zorèy la, Messi pat konvenkan ditou, keseswa fas Real Madrid (2022), Baryen (2023). Kenbe Messi nan klèb la, ap mande pou voye anpil lòt jwè ale, paske Champyon Mondyal 2022 a mande pou klèb la ta ogmante salè li, pou l rete yon lòt ane.

Kisa PSG dwe fè ak Neymar ?

Brezilyen an ki nan yon enpas difisil ak PSG, depi lè Neymar rive nan klèb kapital la, pefòmans li yo, se tonbe leve. Ak 31 lane, nimero 10 PSG a parèt yon andikap pou klèb la, kantite lajan PSG mande pou l ta kite jwè a ale, pa gen okenn klèb kap pran risk achte l. Kontra Neymar kap bout 2027, mete dirijan PSG yo nan anpil refleksyon.

Mbappé, avni Paris-Germain

Aprè PSG te rive konvenk Mbappé pou l rete nan klèb la,kote Real Madrid te fin mete l dakò ak jwè a. Dirijan PSG yo te fè jwè fransè a, priyorite nimewo 1 yo pou pwojè a avanse. Pefòmans li yo ak PSG enkwayab malgre anpil analis jije awogans li se youn nan pwoblèm pou MNM nan bay rezilta. PSG ki nan yon lòt batay ki se kenbe meyè bitè istwa klèb la (201 gòl).

Pou PSG rive jere dosye Messi, Neymar ak Mbappé a, li ta sipoze jere bagay yo an granmoun, san santiman. Menn jan Real Madrid te jere dosye Cristiano Ronaldo ak Ramos la, epi Bayern ak Lewandowski.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive