Yon retou Lionel Messi nan FC Barcelone posib

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon retou lionel messi nan fc barcelone posib

Relasyon Lionel Messi ak Paris Saint-Germain sou yon move pant depi kèk tan, prensipalman aprè Koupdimond lan. Atakan ajanten an ta anvizaje retounen nan FC Barcelone aprè fen sezon an.

Daprè jounal fransè Foot Mercato, Lionel Messi pa ta anvizaje pwolonje nan klèb parizyen an kote l deja kòmanse ap panse ak yon retou nan klèb katalan an aprè ekspirasyon kontra l nan anviwon 6 mwa ankò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Atakan ajanten an trè entèrese pou l ta tounen nan ekip FC Barcelone lan, klèb kote l pase prèske tout karyè l ap jwe avan l te rejwenn parizyen yo nan lane 2021 aprè echèk renouvèlman kontra li an nan klèb katalan an.

Toutfwa, operasyon an poko parèt twò klè pou Pulga a avèk sitiyasyon ekonomik difisil Blaugrana yo epi kesyon Lajistis k ap frape yo fò dènye tan sa yo avek kesyon koripsyon nan zafè Negreira a.

Lionel Messi ki apèn sot ranpòte Koupdimond lan nan peyi Kata, pa twò alèz anndan ekip Paris Saint-Germain an kote madi ki sot pase an, li ta pral kite yon seyans antrènman, Christophe Galtier te pwopozel poul rantre lakay li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.