Etazini deklare fen « Tit 42 » a pa vle di ouvèti fwontyè yo

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
etazini deklare fen tit 42 a pa vle di ouvèti fwontyè yo

Administrasyon Biden lan fè konnen ayè  Lendi a, pa pral gen okenn politik pòt ouvè apati Mèkredi lè « Tit 42 » a, sispann aplike. « Tit 42 » a ki se yon règleman sante ki pèmèt depòtasyon imigran nan fwontyè Ameriken yo. 

Pòtpawòl Mezon Blanch la eksplike apati Mèkredi 21 desanm 2022, otorite ameriken yo pral tounen aplike « Tit 8 »,  règleman sa limenm ki bay migran yo yon fason pou yo eksplike rezon ki fè yo travèse fwontyè a epi ki pèmèt yo ekspilse rapidman moun ki pa gen okenn baz legal pou yo rete sou tè Tonton Sam nan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Jis paske « Tit 42″ a pral fini nan kèk jou pa vle di fwontyè a louvri, » te fè konnen pòtpawòl gouvènman ameriken an, Karine Jean-Pierre. 

Daprè  Pòtpawòl la di otreman ta sèlman benefisye trafikè moun, ki ka pwofite sitiyasyon an pou simaye fo enfòmasyon sou kisa fen regleman lasante a  enplike reyèlman. 

Depatman Sekirite Enteryè  te deja mete estrateji li pral swiv pou fè fas ak yon gwo kantite imigran, ki anboche plizyè milye ak ogmante resous transpò, men li asire sistèm Ameriken an pa fèt pou fè fas ak migrasyon aktyèl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia