Sunrise Airways ateri Gwadloup pou premye fwa 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
sunrise airways ateri gwadloup pou premye fwa 

Konpayi avyon prive ayisyen an Sunrise Airways, ki gen katye jeneral li an Ayiti, anonse premye aterisaj li Pwent a Pit (Pointe-à-Pitre), nan Gwadloup, lendi 19 desanm 2022 a. 

Jan Konpayi  an te deja fè konnen, apati 19 desanm 2022 sa a, konpayi ayisyen an pral ofri yon vòl chak lendi ant baz li nan Pòtoprens-Tousen Louveti ak Fò de Frans (Fort de France) – Matinik Eme Sezè (Aimé Césaire) ayewopò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sunrise Airways nan yon mesaj li pibliye ayè lendi an,  di yo  kontan paske pou premye fwa yo ateri Pwent a Pit, nan Gwadloup, nan dat ki te lendi 19 Desanm 2022 a. 

« Nou kontan paske pou premye fwa nou ateri Pointe-à-Pitre, nan Gwadloup. Jwi vòl nou yo soti nan Pòtoprens ale Gwadloup chak lendi. Zile papiyon an pare ap tann ou », te anonse  konpayi  Sunrise Airways. 

N ap raple nan yon nòt pase konpayi a te  presize pou l fè konnen yo pral opere chak lendi nan ERJ145 ant kapital peyi Ayiti ak ayewopò pwent a Pit – Gwadloup Pol Karayib, depa 8:00 am, pou ateri a 10:50 am, epi retounen soti nan zile fransè a 11:50 am pou rive a 12:40 pm.   

Li te di tou, vòl sa  yo pral pèmèt dyaspora Ayisyen an nan Matinik ak Gwadloup kapab retounen an Ayiti. Men tou pou vwayajè ki soti nan West Indies yo, pou bay koneksyon ak Repiblik Dominikèn e menm Kiba, kote konpayi an sèvi  Santyago de Kiba ak Laavàn (La Havane). 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.