Etazini | Tekashi 6ix9ine dwe remèt aktif li yo pou l kouvri yon jijman 10 milyon dola

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
etazini tekashi 6ix9ine dwe remèt aktif li yo pou l kouvri yon jijman 10 milyon dola

Tekashi 6ix9ine pa janm twò lwen pwoblèm ak lajistis. Rapè a ta dwe remèt aktif li yo ki vo 10 milyon dola akoz yon jijman pou kou ak blesi. An 2021, li te bat yon striptisèz.

Tekashi 6ix9ine pral depanse yon gwo sòm kòb nan koze pwoblèm ak lajistis. Rapè meksiko-ameriken an te enflije yon striptisèz kou ak blesi agrave nan lane 2021. Sa te menm voye dansèz la nan ijans lopital. Sa oblije atis la remèt aktif li yo pou l regle dèt sa (9.8 milyon dola).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Striptisèz la te pote plent pou rapè a aprè misye te fin frape l ak yon boutèy chanpay nan yon disko ki chita kò l nan Florid. Daprè sa TMZ fè konnen, tribinal la ap sezi tout byen imobilye Tekashi yo. Gen ladan yo tou yon Rolls-Royce ak yon manwa nan eta Florid.

Sa se youn nan plizyè pwoblèm 6ix9ine gen ak lajistis peyi Etazini. Li fè plizyè vwayaj nan prizon deja tankou nan mwa dawout 2023 a paske l t ap woule machin ak vitès ki depase, men yo ta pral libere l sou kosyon pou 2000$.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.