Etazini : Yon astwològ touye mari l ak pitit li akoz eklips solè a

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
xr:d:dafuf5dgilk:4992,j:427140624634775296,t:24041118

Menm si anpil moun te pran koze eklips solè a pou jwèt, gen lòt moun ki te pran l twò o serye. Nan peyi Etazini, yon astwològ ki te kwè se fen mond lan rive menm touye mari l ak pitit li.

Deblozay sa pase nan lakou Etazini, nan Los Angeles. Danielle Johnson yo konnen sou non Danielle Ayoka, te manman 2 pitit, e li t ap viv ak yon mesye nan kay. Nan moman lalin nan kwaze ak solèy la, li te panse se dènye batay espirityèl la ki rive, kidonk fen mond lan jan Labib anonse l la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon Los Angeles Times, nan moman eklips solè a, li ponyade mari l, yon ansyen militè ki gen 29 lane. Misye pa chape anba kout ponya sa. Annapre, li pati ak machin li ak 2 pitit fi li yo, epi l jete yo deyò pandan machin nan ap woule ak tout vitès. Pi piti a, 8 lane, mouri sou plas. Pi gran an ki gen 9 lane, chape anba chòk sa.

Sou X, Danielle te prezante tèt li tankou yon moun ki konn li siy zodyak, ki konn fè gerizon diven ak pirifikasyon. Nan kòmansman mwa avril la, li te menm predi “apokalips la rive”, e chak moun ap gen pou yo fè yon chwa.

Kèk tan aprè aksyon sa yo, yo al rejwenn machin li ki t ap woule a 160 km/h la kraze nan yon pyebwa sou wout kotyè a. Jèn fanm nan mouri, e yo te mal pou yo idantifye l tèlman kò a domaje.

Yo toujou asosye eklips solè a ak pwofesi, men sa pa gen anyen pou l wè ak lasyans.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.