Ant chomaj ak ensekirite, Lapolis pra l resevwa yon lòt kòwòt jèn polisye

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ant chomaj ak ensekirite, lapolis pra l resevwa yon lòt kòwòt jèn polisye

Aprè yo te fin repòte dat ekzamen yo pou ayè dimanch 11 jen 2023 a, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ofisyèlman lanse divès eprèv li yo pou tout moun ki gen pou pi piti 18 pou al bout 30 lane ki ta renmen fè pati ran li yo pou 33èm pwomosyon polisye ki gen pou pran beton an.

Se plizyè milye jèn gason ak fanm ki defile nan lari kapital la Pòtoprens ak nan plizyè lòt zòn rekile pou yo t al sibi eprèv entèlektyèl yo ayè dimanch 11 jen 2023 a – yon premye etap majè pwosesis rekritman pou entegre polis la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan plizyè sant egzamen, entèrese yo t al konpoze epi reponn divès kesyon ki chita sou baz matematik, jewografi, fransè ak kilti jeneral.

Aprè rezilta eprèv entèlektyèl yo fin tonbe, sila ki kalifye yo ap gen pou sibi eprèv fizik, medikal ak sikolojik.

Kandida ki rive pase tout eprèv sila yo ap gen chans pou ale fèmen Akademi Nasyonal Polis (ANP) ki sou Wout Frè, pandan yon peryòd 6 jiska 8 mwa (pafwa l konn 9 mwa). Tout sa yo ap fèt anba sipèvizyon plizyè chèf depatmantal Nasyonzini.

Si nan yon premye tan majorite aspiran ki te konn manifeste volonte yo pou sèvi peyi a te aje, jounen jodia, daprè konsta nou fè, depi nan pwosesis enskripsyon yo al bout nan pasaj premye eprèv la ki se entèlektyèl, pi fò se jèn timoun ki gen ant 18 a 25 lane. Aprè sa, rès tranch laj yo ki siperyè a minim anpil.

Akoz travay ki pa genyen nan peyi a, patikilyèman pou sila ki pi jèn yo, pi fò moun oblije fè yon kout je sou PNH la kòm yon sòti sekou. Menm si pi fò nan moun ki manifeste volonte pou fè pati enstitisyon sila sèmante se sèlman pou sèvi peyi yo, anpil nan yo detaye pi douvan se an rezon yo paka jwenn travay oubyen demare yon etid kèlkonk aprè yo fini lekòl ki fè yo oblije pran PNH la kòm dènye ranpa.

Alòske ensekirite a nan peyi d Ayiti ap ranfòse, nan moman polisye ap mouri pa pakèt anba zak malonèt gang ak zam, san konte sila k ap sove kite peyi a, enstitisyon sila nan nesesite pou rekrite nouvo moun pou vin ranfòse ran li yo. Toutfwa èske nouvo rekri sa yo, patikilyèman sa ki gen pi ba laj yo, ap konn tout enpòtans deviz « Pwoteje ak Sèvi » PNH

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.