Nan match ki te mete fas a fas Manchester City ak Chelsea a nan Koup Anglè a, jodi dimanch lan, jwè Guardiola yo maltrete ekip Chelsea a (4-0), Mahrez te bouro Blues yo, kote l fè yon double. City kapab toke konn li ak Arsenal nan 16zyèm final, se pral yon lòt chòk nan koup Anglè a.
Manchester City kase mete nan menChelsea (4-0) nan Koup Anglè a ak yon bon R. Mahrez ki rive fè 2 gòl, youn nan gòl sa yo se yon bèl koufran, lòt bitè yo se Alvarez ak Foden. Jwè Guardiola yo kalifye pou 16yèm final kote yo kapab tombe nan yon lòt chòk fas ekip Arsenal la.
Manchester City te montre l pi fò nan fason yo te genyen balon an, jan yo tap atake ak jan yo tap defann. Ekip Chelsea a pat rive enkyete yo twop. City bay ekip G. Potter a yon leson foutbòl nan Koup Anglè.
Depi kèk tan ekip Chelsea a ap plonje aprè T. Tuchel te fin revoke, ekip la te sou yon bon lanse, men depi kèk tan anyen pa mache pou Blues yo, ki nan mitan tablo chanpyona a, malgre gwo efò y ap fè sou mache transfè a.
Facebook Comments