Li vyole yon chat li genyen jis chat la mouri 

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
li vyole yon chat li genyen jis chat la mouri 

Yon nonm 55 lane ap gen pou pase devan tribinal nan vil Lil, yon rejyon Nòdwès nan peyi Lafrans, paske li fè kadejak sou yon chat li posede, jiskaske chat la mouri. 

9 Dawout ane pase, yon nèg rele ijans yo nan yon lopital nan vil Lil, pou yon chat li, li di k ap soufri. Misye fè konnen zantray chat la sòti a anviwon yon dizèn santimèt, daprè asosyasyon defans dwa bèt, ki fè konnen aprè yon bon bout tan, misye ta pral avwe li vyole chat la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sèvis ijans lan te rive konvenk granmoun 55 lane sa pou li te mennen chat la kay yon veterinè, kote bèt la ta pral mouri. Toujou daprè asosyasyon an, bilan doktè yo drese a fè konnen yo jwenn gwo blese nan boubounn chat la, yo kapab konpare ak vyolans seksyèl pa penetrasyon vajinal.  

Jou ki te 17 dawout la, lajistis te òdone yon enspeksyon nan kay akize a, kote yo ta pral jwenn yon chat ki prèske mouri nan kay la, malgre yo mennel kay veterinè, li te mouri. Yo te jwenn tou 26 lot chat nan yon ti jaden dèyè kay nèg la, youn sou lòt nan yon ti kay tou sal ak pipi epi matyè fekal. 

Lajistis sezi chat yo epi remèt yo bay òganizasyon ki la pou pwoteje zannimo yo nan vil Lil la.  

Granmoun nan gen pou parèt devan tribinal nan mwa septanm pou l reponn de akizasyon l, e ka pase plis pase 5 lane nan prizon. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.