Ayiti bezwen yon Plan Marshall daprè Doktè Iván Gatton 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayiti bezwen yon plan marshall daprè doktè iván gatton 

Fas ak kriz plizyè dimansyon sa peyi Dayiti ap konnen depi plis pase yon trantèn ane, Dr. Iván Gatton ki se yon ekspè nan politik entènasyonal fè konnen peyi an bezwen yon Plan Marshall pou remete l kanpe. 

Ayiti ki dènye ane sa yo ap fè fas ak yon kriz imanitè san parèy, ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa, san konte enstitisyon Leta yo ki pa p fonksyone, merite yon plan tankou jan sa te fèt aprè dezyèm gè mondyal la pou prensipal peyi ki te angaje yo, daprè Doktè an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Doktè Iván Gatton ki t ap opine sou sitiyasyon peyi Dayiti an fè konnen peyi an bezwen yon Plan Marshall pou kapab kreye estrikti, relanse ekonomi an, konstwi bon jan enfrastrikti epi ofri popilasyon an bon jan garanti pou yo kapab viv akote demann èd militè etranje yo. 

Sou kesyon Wo konsèy tranzisyon an, Doktè Gatton fè konnen inisyativ sa pa p pote okenn rezilta akoz peyi an, depi aprè gouvènman René Préval lan, manke genyen moun ki kapab reprezante Leta valabman, pandan l montre l enkyè fas ak gwoup ame yo ki jounen jodia okipe yon bon pati nan teritwa a. 

Konsènan demann gouvènman ayisyen an te adrese ak kominote entènasyonal la atravè Nasyonzini pou yon èd militè etranje nan peyi an, Doktè Iván Gatton regrèt Lachin ak Larisi kanpe anfas demach sa ki, daprè sa l fè konprann, pa pwopoze okenn solisyon konkrè. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.