Avan chòk Real Madrid ak Atletico Madrid pou kadefinal Koup Di Wa a nan peyi Espay, jodi jedi a, Vil Madrid leve ak gwo tansyon, kote fanatik Atletico Madrid yo pann yon mannken Vinicius nan mitan vil la epi ekri nan yon bandwòl « Madrid rayi Real ». Yon polemik ki kontinye, paske sezon pase a, jwè Brezilyen an te sibi anpil pwopo rasis.
Kadefinal Koup Di Wa ki mete Real Madrid bab pou bab ak Atletico Madrid gentan chofe fanatik yo epi kreye gwo polemik. Nan mitan vil Madrid, fanatik Atletico Madrid yo pann yon mannken Vinicius epi ekri nan yon bandwòl kijan Atletico Madrid rayi Real.
Provakasyon sa vini aprè pawòl rasis star Brezilyen an ta pral sibi sezon pase nan yon derby, mwa septann pase a. Fanatik Atletico yo te vekse pou jan Vinicius te selebre gòl li nan danse samba.
Dirijan Atletico Madrid yo toujou denonse atitid sa yo epi kondane tout pawòl rasis ki ta soti bò kote fanatik li yo. Polemik sa pa kite Real diferan, kote li pa bay fanatik Atletico Madrid tout plas yo ta sipoze jwenn pou yo asiste derby a. Se 40 000 mil sipòte Colchoneros yo ki pa ka antre nan Bernabeu a pou asiste kadefinal la jodi a.
Facebook Comments