Komin Kafou leve anba gwo tansyon matin jedi 26 janvye a

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
komin kafou leve anba gwo tansyon matin jedi 26 janvye a

Plizyè sitwayen leve sou 2 pye militè yo nan komin kafou antre sid kapil la, matin jedi 26 janvye 2023 a nan lide pou yo denonse asasina 6 polisye yo nan komin Lyankou, depatman Latibonit. Pou mwa janvye a sèlman, plis pase 15 Polisye deja pèdi lavi yo. 

Manifestan yo move kou kong epi yo mete barikad nan tout lari a y ap boule kawoutchou sou wout nasyonal nimewo 2 a, epi yo kwaze plizyè machin sou wout prensipal la, sitwayen yo oblije sikile a pye. Daprè tout jès sa yo pwotestatè yo vle fè konprann ti mari p ap monte ti mari p ap desann. 

Yon sitiyasyon ki kreye anpil panik, Kat kwen peyi a sanble leve kanpe jodi jedi 26 janvye a, pami yo komin kafou. Plizyè lekòl ak inivèsite deja fèmen pòt yo, paran yo oblije ap mache prese pou y al dèyè ti moun yo, paske nan nenpòt moman sitiyasyon an kapab deteryore. 

N ap mande kote bagay sa a prale, kilè pèp Ayisyen an ap sispann monte lesyèl pa do. Sitiyasyon an ap vin pi mal chak jou BonDye mete, se kòm si se yon bagay pèp la te fè l ap peye, malgre mouvman sou mouvman bagay yo toujou rete menmman parèyman. 

Bò kote Pa leta a se yon silans simetyè. Pèp la te mèt revandike maten, midi, swa, sa pa menm leve yon plim sou do yo. Ta sanble yo pa gen zantray pou pèp la, bagay konsa pa entèrese yo, se zafè pèsonèl yo y ap regle. 

Facebook Comments

Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.