Fatima ap chante lespwa nan nouvo mizik li a SOUVNI

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
fatima ap chante lespwa nan nouvo mizik li a souvni

Nan lannwit 14 mas la, Fatima Altieri mete deyò nouvo mizik li ki pote tit « Souvni ». Nan mizik sa, chantèz la ap eseye pote lespwa pou fanatik li yo nan yon moman ki difisil.

Fatima te bezwen sèlman 3 minit ak 30 segond pou l relimen flanm lespwa nan kè fanatik li yo pandan l ap rakonte soufrans li yo. Yon pyano, yon vwa, kèk mo k ap kouri dèyè tristès, konsa atis la prezante nouvo mizik li « Souvni ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan pòs li fè pou l anonse mizik la, ki disponib sou tout platfòm yo, Fatima bay kiyès mizik la dwe al jwenn : ” Pou ou… ki panse jan w santi w la ou poukont ou… mwen vle di w « Yè se jis yon SOUVNI, ann tann demen, Solèy la pap pa leve … paske demen se yon NOUVO JOU ».

Chantèz la pa manke ekspoze lapèn li depi nan premye mezi yo. Vwa l sèvi kanal pou nanm li kriye tout blesi l yo. « Gen jou m tankou yon boutèy nan lanmè k ap navige ». Fatima kite sa ki anndan l yo eksploze nan yon refren ki ranpli ak emosyon.

Fatima kontinye chante : « Gen jou m pèdi fòs, m kache pou m al kriye. Gen jou m bezwen yon bra pou m apiye ». Daprè li menm, demen sere gwo kado pou nou. Men se sila yo pami nou ki pèsevere, ki kapab ankese kou lavi bay yo, k ap gen chans benefisye yo.

Epitou, nan yon moman konsa, lespwa, èske se sèl sa k rete n ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.