FC Barcelone anvizaje yon pwolongasyon kontra pou Lamine Yamal

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
fc barcelone anvizaje yon pwolongasyon kontra pou lamine yamal

Lamine Yamal ki sou kontra avèk FC Barcelone jiska 2024, pral kapab pwolonje nan yon tan ki pa twò lwen pou de lane anplis daprè sa Fabrizio Romano fè konnen ayè lendi a.

Jèn atakan 15 lane a ki te fè premye aparisyon l sou koulè ekip pwofesyonèl katalan yo fas Real Betis pandan wikenn ki sot pase a, sou wout pou pwolonje kontra l avèk Blaugrana yo pou jiska 2026.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Fabrizio Romano, direksyon FC Barcelone lan ansanm ak pwòch Lamine Yamal yo ta deja mete yo dakò pou kontinye avanti sa avèk nouvo kontra sa k ap lye yo jiska lane 2026.

Jèn katalan an ki ta pral fè yon bon rantre nan viktwa katalan yo fas Real Betis wikenn pase a vini pi jèn jwè ki jwe yon match foutbòl pou gwo ekip FC Barcelone lan avèk 15 lane li an.

Yon desizyon Xavi Hernandez felisite pandal l t ap reyaji sou kesyon sa. « Pwolongasyon Lamine Yamal la sou bon wout la, tout bagay sou kontwòl. Li vle rete isi an, kidonk mwen kè kal. »

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.