Alòske peyi d Ayiti ap travèse yon kriz sosyopolitik ak imanitè san parèy an rezon ensekirite a, li ap fè fas tou ak yon nouvo sitiyasyon ki detenn imaj li pi plis nan zye rès mond lan.
Si nan yon premye tan se zafè dechoukay, boule kawoutchou, kidnapin ak zak asasinay ki te konn domine aktyalite a, jounen jodia se imaj moun k ap rache moun ak manchèt, kouto ; moun k ap touye lòt ak kout wòch, kap boule moun ak depatcha kadav yo, ki ap fè maketing peyi d Ayiti nan zye rès mond lan depi kèk tan.
Batay kont ensekirite ak banditis iben an pran yon virewon san parèy pa bò isit an Ayiti, yon pati nan popilasyon an deside bay tèt li jistis ak bandi yo avèk mouvman “Bwa Kale” ki gen nan lari a, kote plis pase yon santèn endividi (bandi) – fanm kou gason – deja pèdi lavi yo depi lendi 24 avril pase a.
Motè rechèch yo lè w tape Ayiti aktyèlman montre yon peyi ki devaste akòz ensekirite a, e dènye mouvman ki genyen nan lari yo vann imaj yon teritwa kote se san k ap koule sèlman. Anpil moun, patikilyèman sou rezo sosyal yo, pa sispann tire zòrèy sila k ap pibliye vye imaj sila yo sou rezo sosyal yo, menmsi gen yon lòt kategori k ap bat bravo.
Wi, lè yon imaj pibliye sou kèk platfòm tankou Facebook, Telegram, Whatsapp ak Youtube, se pa sèlman Ayisyen ki resevwa notifikasyon yo, men genyen etranje tou nan lòt peyi k ap gade aktyalite a sou teritwa a. E sa konn lese Ayisyen ki nan dyaspora yo tou nan anpil touman.
N ap raple, deja an rezon kriz sosyopolitik la ak ensekirite a plizyè peyi tankou Lèzetazini, Kanada, Lafrans, Repiblik dominikèn, pami kèk lòt, te klase Ayiti sou lis peyi kote moun pa sipoze vwayaje la. Eta sila yo te pran pou ekzanp jan bandi ak zam ap retire lavi moun oubyen kidnape yo kont gwo lajan.
Malgre divès chita pale ki te fèt sou zafè sila, patikilyèman pa bò kote Nasyonzini, sitiyasyon an vin pi grav jiskaske se pèp la ki blije ap bay tèt li jistis kont bandi yo k ap teworize l chak jou pi plis. Toutfwa malgre divès apèl ki fèt pa bò kote Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pou sispann ak pratik sila – menm jan ak dènye entèvansyon Premye minis Ariel Henry an – pèp la pa wè li pa tande, li kontinye “Bwa Kale” a nan kò bandi yo ak tout konplis yo, e imaj sèn yo pa janm pran tan pou pibliye sou rezo sosyal yo.
Facebook Comments