Aprè separasyonl ak Evazyon,Tafa pral rekòmanse karyèl ak Phœnix

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
aprè separasyonl ak evazyon,tafa pral rekòmanse karyèl ak phœnix

Aprè yon bon peryòd silans depi separasyonl ak labèl Evazyon mizik, 9 avril 2022 ,Tafa anonse li swete rekòmanse karyèl li ak nouvo EP( Extended Play ) li ki gen pou sòti nan yon ti kras tan kap gen pou pote non Phœnix.

Si depi kèk tan piblik la te konen Tafa te gen bagay kap prepare, sitou apre yon Twit Carèl Pèdre, se finalman 12 mas lan atis la konfime sòti nouvo pwojè li nan yon videyo li piblye ki dire 7 minit 20 segond.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan videyo sa atis la rakonte rezon ki fè li vini ak nouvo pwojè sa, epi kisa Phœnix reprezante pou li san li pa bay dat sòti pwojè sa .

Selon eksplikasyon Tafa, pwofè sa gen rapò dirèk ak sa li viv dènye ane sa yo epi ta dwe make renesans li . Non Ep sa tire nan yon zwazo ki egziste nan istwa ki pa reyèl ki sòti nan peyi  » Egypte « .

Atis la ki konsidere premye pati karyèl li kòm pati ki pi Inosan deklare : « Lè yon phoenix plonje nan sann li, tout moun pran nan pyèj la paske tout moun di tèt yo ,la tout bagay fini pa genyen remonte ankò, pa gen okenn mwayen pou yo sòti”. Ou pral sezi wè a ki nivo w’ap dekouvri yon fasèt menm phoenix lan petèt pat panse”.

Si okenn dat poko bay pou sòti EP a, piblik la ki te dekouvri vwa Tafa sou pwojè « Mizik sove Vim » Evazyon mizik te pwodui ,ap tann li avèk enpasyans pou wè sal pral pote.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média