FIFA onore Roger Milla avan match Kamewoun nan ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
fifa onore roger milla avan match kamewoun nan ! 

FIFA pwofite de match Kamewoun ak Laswis la pou l onore Roger Milla. Ansyen atakan Kamewounè a se jwè ki fè ak pi plis laj nan istwa Mondyal la jiskaprezan. 

Sa gen prèske 30 lane depi Roger Milla te make istwa Mondyal la. Li te mete rekò moun ki fè gòl ak pi plis laj nan pi gwo konpetisyon foutbòl ki pa janm jwe. Nan match peyi anfas Laswis, FIFA deside onore l pou gwo kokennchenn rekò sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se prezidan FIFA a menm, Gianni Infantino ki te foule pelouz la pou l remèt li pri onorifik sa a. Prezidan federasyon foutbòl Kamewoun nan, Samuel Eto’o ak prezidan konfederasyon foutbòl Afriken an (CAF), Patrice Motesepe te reponn prezan tou.  

Nan Mondyal 1994 la, nan peyi Etazini, Roger Milla te fè yon gòl nan match ki te opoze Kamewoun ak Larisi. Malgre Lyon endontab yo te tonbe fò nan match sa, se grenn gòl sa ki ye bay Milla rekò sa okenn moun poko janm bat ni egale. Lè sa li te gen 42 lane ak 39 jou lè sa. 

Milla se yon foutbolè lejand nan peyi l. Pou 101 fwa li pote koulè Kamewoun, li fè filè yo tranble 36 fwa. Li se tourne nan bitè ki pi pwolifik pou Lyon endontab yo.   

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.