Novak Djokovic ranpòte final Adélaïde Australie a sou ameriken an Korda Sebastien 2 sèt a 1 byen bonè Dimanch 08 janvye 2023 a.
Aprè li te fin elimine Medvedev 2 sèt a 0, Sèb la pran longè ameriken an byen bonè maten an 2 sèt a 1 nan final Adélaïde Australi a.
Match la te vrèman ekilibre 2 Premye sèt yo rive nan pwolongasyon Sebastien genyen Premye an (7-6) aprè tan mò.
Nan dezyèm sèt la ameriken an mennen sou Djokovic (5-4) jis li vin egalize mennenl nan pwolongasyon épi bat li (7-6) anba redi paske se sou yon ti detay pati sa diskite sete (6-6) avan, dènye manch la te ye.
Twazyèm sèt la Pat twò desizif Nadal bat li (6-4).
Match la fini 2 sèt a 1.
(6-7) pou Sébastien épi (7-6), (6-4) pou Novak Djokovic.
REDAKSYON : JOCELYN Couyoute