Finalman, polisye 31èm pwomosyon yo ap touche 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
finalman, polisye 31èm pwomosyon yo ap touche 

Aprè nèf mwa travay san touche, finalman Direksyon pèsonèl nan Lapolis la anonse polisye yo ki sòti nan 31èm pwomosyon an ap kapab kòmanse touche apati jounen madi 6 septanm lan. 

Nan yon nòt ki sòti jounen lendi 5 septanm lan, Direksyon pèsonèl nan Lapolis la fè konnen ak tout konsène yo ki sòti nan 31èm pwomosyon lapolis lan, apati jounen madi 6 septanm sa, chèk yo ap disponib. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan nòt sa ki pote siyati komisè Jean Maurest ETIENNE, Direksyon pèsonèl nan Lapolis la fè konnen ak tout polisye sa yo ki pa t ka touche depi 9 mwa, yo kapab pase rekipere chèk yo nan Direksyon jeneral enstitisyon an. 

«Direktè pèsonèl la ap enfòme nou chèk aryere salè polisye 31èm pwomosyon yo ap disponib nan Direksyon jeneral la apati madi 6 septanm 2022», sa nou kapab li nan nòt sa ki gen yon kopi nan redaksyon an. 

N ap raple, nan semèn ki sot pase a, Sendika polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) te menase pou yo te debake devan Ministè finans pou te kapab fòse responsab yo peye mesye dam 31èm pwomosyon yo ki te gen 9 mwa san yo pa t janm touche. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.