Paska, yon vizyon pou reprezante Ayiti nan tout peyi nan mond lan 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
paska, yon vizyon pou reprezante ayiti nan tout peyi nan mond lan

Malgre reyalite Ayiti ap konnen depi kèk tan, gen anpil ayisyen ki toujou rete atache ak peyi an e kontinye renmen l. Paska, yon jèn atis nan endistri mizik ayisyen an, pataje rèv li ki se reprezante Ayiti, atravè mizik, tout kote nan mond lan. 

Nan emisyon “Koze Urbain” ki òganize sou platfòm Netalkole Media, Pascalin Mareck Smith moun plis konnen sou non Paska, prezante yon pati nan sa li genyen kòm vizyon pandan prezans li nan Endistri mizik ayisyen an. Pote mizik Ayiti a nan tout kwen nan mond lan pami pi gwo rèv jèn chantè sa piblik la ta pral dekouvri avèk sòti mizik Bina boye nan lane 2018. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Paska ki se egalman dansè ak beatmaker, pale de angajman li vle pran kòm jèn atis ayisyen k ap viv reyalite peyi Ayiti a menm jan ak tout lòt siwtayen, menmsi nan entèvyou sa li fè konnen pou kounya li plis ap viv nan peyi Repiblik Dominikèn. Sòti mizik “Kè poze” a nan mwa dawout ki sot pase a se yon egzanp kote nan mizik sa li prezante reyalite sa Ayiti ak ayisyen ap viv jounen jodia. 

«Mwen menm avèk estaf mwen nou deside pran inisyativ pou n fè asosyasyon ak lòt òganis, de lòt antite ki gen non andedan peyi an, pou n pran pwojè sa pou n pa kite l sèlman nan estad mizik ak videyo, pou n fè l tounen yon pwojè sosyal, k ap gen yon kouvèti nasyonal, pou rive sou plis moun toujou e fè mesaj la rive pi lwen», yon pati nan entèvyou li reyalize ak Ravensley Boisrond nan Koze Urbain. 

Se te egalman okazyon pou Paska te kapab eksplike absans li sou sèn mizik la pandan kèk tan. Pou ansyen chantè P. Boys la, absans li an nan Endistri mizik ayisyen an pandan peryòd sa se te yon chwa pou te kapab pran yon ti poz pou panse ak li menm, sitou avèk plizyè mwa li te pase bloke nan peyi Lafrans pandan konfinman an e avèk egalman pwosesis siyati kontra li ak “Wagram Music”. 

Toutfwa, pou retou li nan endistri an, Paska deja pwomèt ak fanatik li yo yon albòm san bay detay sou non ak dat l ap sòti. Men avan albòm lan, jèn chantè an anonse pou yon dat li poko di, yon koloborasyon avèk yon atis fanm anpil moun konnen nan Endistri mizik ayisyen an. Daprè sa l di, se yon mizik k ap rive sou piblik lan. 

Paska ki gen orijin li nan peyi Congo akoz manman l ki se afrikèn, ankouraje jèn talan ayisyen yo pou kreye mwayen pou sòti tèt yo, sitou avèk rezo sosyal yo ki kapab sèvi kòm prensipal zouti. Li rekòmande tou pou yo kapab chwazi yon antouraj yo kapab fè konfyans e k ap vle aji nan enterè yo egalman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.