Fineray 2 polisye ki te mouri Bristou yo chante 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
fineray 2 polisye ki te mouri bristou yo chante 

Ayè lendi 5 septanm lan se te fineray polisye Pierre Roukidson, yon ajan 2 ki sòti nan 25 pwomosyon lapolis la epi ki te afekte nan Inite ki espesyalize nan wo pèsonalite piblik yo (USHPLP, sig fransè), epi Edouard Nickson, yon ajan ransèyman ki t ap travay tou pou enstitisyon polisyè a. 

2 gadyen lapè sila yo te mouri anba bal nan komin Petyonvil, pi presizeman nan lokalite Bristou, pandan yon operasyon pou te demantle yon gang ki gen nan tèt li Alex Armstrong Dumorné – yon ansyen polisye. Operasyon sa te mennen 17 dawout pase a, malerezman bandi a sove epi tire 2 polisye sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan prezans fanmi, zanmi, plizyè gwo pèsonalite nan wo kòmandman Polis Nasyonal d Ayiti a te asiste dènye vwayaj 2 polisye sa yo nan Legliz Baptiste International Outreach, ki nan Delma 75. 

Pami responsab yo te genyen Enspektè jeneral Jean Lionel Trécil, ki te reprezante Frantz Elbé nan fineray sila, Komisè Jean Maureste Étienne, Komisè Gislène Désir, Komisè Jean Michelet Shoute, ak responsab sèvis sosyal ak medikal PNH la, Komisè Bijou Ulcénaire. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.